Se yon sit entenèt Panòs Karayib pou pataje travay timoun ak jèn yo devlope. Se yon nan fason pou ede yo fè tande vwa ak opinyon yo epi pou defann dwa yo. Sou sit la geyen emisyon radyo, dokimankè tou kout, foto, atik jounal ak yon seri odyo ki pale de dwa timoun, la sante ak sida, anviwonnman eksetera. Sonje ! Atik 13 konvesyon Nasyonzini sou dwatimoun nan di : “Tout timoun gen dwa pou eksprime yo li e libè” !