Enstiti Panos bay moun premye plas nan tout aktivite li yo. Nan kad pwogram rejyonal kominote, Medya ak Anviwonman, nou vle fasilite sitou kominote zon riral yo patisipe nan tout brase lide kap fèt pou jwenn mwayen pou rezoud pwoblem anviwonman ak devlòpman nan peyi yo ak nan rejyon Karayib la.
Nap ankouraje kominote lokal yo bay dizon yo sou kesyon tankou chanjman klimatik, degradasyon tè yo, kriz enèji, eksploitasyon boksit, sèks, jestyon resous zòn kotyè yo ak asenisman. Fòmasyon jounalis, ekspozisyon, piblikasyon atik jounal, ekspoze ak prezantasyon rapò, se kèk nan aktivite Panos òganize pou ankouraje medya rejyon an fe deba piblik sou sante ak devlòpman.
Lane kap vini la yo, Enstiti Panos pwal fè plis jefò pou pemèt :
Popilasyon chak peyi nan Karayib la – tankou Jamayik, Ayiti, Repiblik Dominilen, Trinidad ak Tobago, Sent Lisi ak Beliz – angaje tèt yo tout bon vre nan jestyon anviwonman an nan rejyon an epi fè lide yo pase nan tout desizyon politik kap pran sou pwoblèm anviwonman yo
Moun kap pran desizyon yo ak lòt aktè yo konprann enpòtans refleksyon manm kominote yo.
Kapasite medya yo rejyon an ak kominote yo ranfòse pandan yap konsidere pwojè kominote yo n an tout aktivite pou bay anviwonman jarèt
Pataj enfòmasyon sou kesyon anviwonman konsenan kominote yo fèt nan tout rejyon karayib la, epi fasilite sansibilizasyon piblik la sou kesyon anviwonman,
Pou plis enfòmasyon sou pwogram ak aktivite nou, silvouplè klike sou gender@panoscaribbean.org



