VIH/SIDA se yon epidemi grav ki gen rapò ak konpotman, faktè kiltirèl, sosyal ak ekonomik. Patisipasyon tout sektè rejyon karayib la nan desizyon kap pran yo, se youn nan faz ki pi enpòtans nan kad lit pou diminye konsekans VIH/SIDA a, epi pou chanje fason epidemi a ap evolye kounye la.
Panos Karayib ap travay sou kesyon VIH/SIDA nan rejyon an depi li lanse aktivite li nan lane 1986. Pwogram rejyonal nou sou kominikasyon sante gen ladan l tout sa ki gen rapò ak sante piblik, men nou bay lit kont VIH/SIDA , tibèkiloz ak malarya yon enpòtans spesyal.
Nou rekonèt kominikasyon sou sante piblik la gen yon enpòtans kapital pou byennèt moun kap viv nan Karayib la, paske li gen rapò ak kalite vi ak ekonomi rejyon an. Panos òganize anpil aktivite sou enpòtans kominikasyon pou ankouraje patisipasyon manm kominote yo nan refleksyon kap fèt pou desizyon kap pran sou pwoblèm sante lakay yo ak nan rejyon Karayib la klè kou dlo kòk.
Panos Karayib ap jere aktyèlman pwogram mondyal lit kont SIDA Enstiti Panos (GAP). GAP se yon pwogram yon rezo wit Enstiti Panos ki met tèt yo mete sou pye.
Nan lane kap vini la yo , Panos Karayib pwal kontinye travay pou gen plis deba sou VIH/SIDA, epi ranfòse mobilizasyon sou kesyon sante piblik pou :
- Ranfòse kapasite kominikasyon moun kap viv avèk VIH nan san yo, jen ak gwoup moun VIH/SIDA ak tibèkiloz touche.
- Ranfòse kapasite medya nan Karayib la pou yo kapab ankouraje dyalog ak deba piblik sou kesyon sante
- Pou fe responsab leta ak patnè li yo konnen pi byen bezwen moun VIH/SIDA, Tibèkiloz, ak malarya touche plis
Pou founi bon jan enfomasyon sou kesyon sante piblik ki reponn ak bezwen jenerasyon aktyèl la ak sila yo kap vini yo, epi tou enfòme tout moun kap viv ak jèm ki bay maladi SIDA nan rejyon Karayib la.
Pou plis enfòmasyon sou pwogram ak aktivite nou, silvouplè klike sou health@panoscaribbean.org



