Nan zòn karayib la, jèn ak timoun rankontre anpil pwoblèm. Nan Panòs Karayib nou kwè ke jèn sa yo kapab mete tèt yo ansanm pou jwenn yon solisyon ak pwoblèm sa yo. Pami pwogram ak pwojè nou yo qui mete aksan sou timoun ak Jèn daprè sa konvansyon Nasyonzini pou dwa timoun di kote ke yo pale de dwa de baz ke timoun yo dwe benefisye kelkeswa kote yo ye, youn nan dwa sa yo se ke timoun sa yo dwe ka pale lib sou opinyon yo epi pwoblèm kifè yo mal nan sosyete a e ke moun responsab yo pran sa an konsiderasyon.
Konvansyon an pale tou sou dwa ke timoun yo kapap genyen pou pataje tout kalite enfòmasyon swa nan bouch, ekri, desen ou byen nan nenpòt ki medya ke yo vle.
Nan ane kap vini yo nap kontinye lite pou tout timoun ak jèn nan karayib la kapab patisipe nan demach pou devlòpman nan mete pwòp vwa pa yo ak sa yo espere nan tout medya nan yon sijè piblik konsa :
Mwayen pou pwodwi : fòmasyon jèn yo sou VIH e pwoblèm ki asosye ak VIH yo pa rapò ak pwogram jounalis pou jèn yo : « Our Own Voices – youth communicating throught the media »
Dokimante vwa jèn ak timoun yo : sa gen ladann pwodiksyon, piblikasyon epi fè pasemateryèl pou kapab pibliye nan tout medya yo epi sou entènèt.
Kreye yon platfòm ak timoun epi jèn yo yon fason pou yo kapab pataje sa yo panse sou pwoblèm ki fè yo mal ; ladanl tou mete yo sou kote epi diskriminasyon, dwa ke yo genyen pou yo viv an sante nan sa ki gen rapò ak sèks epi repwodiksyon epi tout lòt fòm abi ke yo kab sibi.
Tavay ak medya yo pou rive fè pwogrè nan sa medya yo konprann sou sijè ki gen rapò ak jèn epi timoun e ankouraje moun responsab yo aji sou sijè sa yo.
Rete chita sou yon analiz ak medya yo e fè yon rapò ki kab pèmèt nou wè feblès ki gen nan aktivite nou yo, gade ki enpòtans sijè nou trete ak timoun yo genyen nan medya yo e kouman yo pale de sa.
Pou plis enfòmasyon sou pwogram ak pwojè nou yo, klike sou adrès ki pi baa ou byen ekri nou nan youth@panoscaribbean.org.
Trafik Timoun PART ONE & TWO
(Trafik pou Timoun ki soti Ayiti Dominica Repiblik) Nan videyo sa a, timoun ayisyen ki te trafik nan Repiblik Dominikèn yo rakonte istwa yo. Dokimantè nan èdtan mwatye Uploaded Youtube nan de (2) pati yo te pwodui an 2008 ak fòm pati nan travay defans Panos Karayib la nan rejyon an rekò pwoblèm ki afekte timoun ki gen yon bi gen dwa yo pwoteje. Apeprè 30,000 timoun ayisyen yo ilegalman ilegalman an Repiblik Dominikèn nan chak ane. Nasyonzini / OAS). Lang yo pale nan videyo a se kreyòl, lang natifnatal la an Ayiti ak sub-tit nan lang angle.



