PANOS Caribbean
Pataje |

Travay sèks la, poukisa nou fè li?

16 moun kap fè travay sèks nan Jamayik ap rakonte istwa yo. 

Pa Andrea Downer

Panos Karayib

Panòs Karayib , Kingston, 23 Novanm 2010: Istwa sa yo  sòti nan yon bouch ki kenbe yon sigarèt byen djanm; ak janm pandye  sou tèt yon chèz, e kap gade san bat je byen lwen, pafwa ak je demi femen kòm si yo pa sonje jenn fi ak jenn gason yon  fwa yo te ye , avan lide sèks epi danse anba  limyè byen klere vin nan tèt yo.

“Lè yo di m’ konsa, yo ap peye’m lajan poum fè bagay, mwen pat santim alèz ditou paske kòm yon jèn ti fi ki ap grandi; granmoun mwen te konn  toujou pale’m de bagay sa yo. Men, kòm mwen se yon moun ki san pwoblèm. mwen te panse ke pat gen okenn problèm, mwen pral eseye. Premye fwa a, mwen te gen poum fè sa, mwen te eksite anpil Men mwen di tèt mwen kòm se poum ka fè anpe lajan map fè sa e mwen  te kontinye san krent”-  Apple, (se pa bon non li)

 Apple esplike ke tout sa kòmanse lèl te li nan yon jounal ke yo te ap chache yon moun ki konn fè masaj pou al travay nan yon salon masaj.

Apple ak 15 lòt prostitye Jamayiken,pami yo yon gason t’ap rakonte istwa yo, desepsyon yo ak esplwatasyon yo sibi ak anpil chans pou yo trape maladi moun ka pran nan fè bagay, yo wont anpil pou rakonte pawòl sa yo ak Panos Karayib. Temwayaj sa yo se se premye sa ke nou rekeyi nan yon liv 48 paj kote ke pwostitye sa yo ap rakonte emosyon yo epi move kondisyon ke yo ap fòse yo travay sèlman pou yo ka jwen de koi pou yo viv paske nan Jamayik la lwa pa rekonèt aktivite sa yo.

Nan liv temwayaj sou moun kap fè travay sèks nan Jamayik la, gen 5 kesyon enpòtan ke nou chita sou yo:

• eseye fè yon rale sou travay pwostitisyon an

• Kesyon gason oubyen fanm

• Kondisyon travay prostititye sa yo, ak ladanl tou eksplwatasyon anplwaye, abi seksyèl, kouman yo peye epi klyan yo

• enfeksyon moun ka pran nan fè bagay ak VIH/sida

•, fè la lwa rekonèt travay pwostitisyon an, fè yon kout je sou la lwa Jamayik ki rann travay pa legal.

Trafik moun

Yon sizyèm  pwoblèm ki poze,se zafè trafik moun nan Jamayik. Kèk nan pwostitye ki t’ap pale ak  Panòs Karayib di ke yo te di yo ke yo pa ta pral nan fè bagay nan sa ki gen awè ak travay yo, men lè yo rive yo te jwen yo nan yon sitiyasyon ki te fè yo oblije lage kò yo.Antan Sa tou gen anpil nan yo ki fè konnen ke yo antre nan pwostitisyon sèlman paske sa ede yo antre plis lajan men gen pou lòt travay yo te panse yo ap jwenn nan se nan rèv yo wè sa e y opa rive jwen lajan ke yo te pwomèt yo wa. Okontrè ti kòb yo touche a vin pi piti paske salon masaj la reklame pati pal.

“Nou pa ka sòti deyo a san pèmisyon yo. Ou gen pou mache toutouni, ou gen pou fè tout bagay yo mande  nou fè, tout sa yo di nou, si nou paf è yo, yo fè nou peye pou sa, epi si ou pa vle, yo. Si ou ta renmen achte très ou byen pafen ou byen yon lòt bagay lavil la se yon moun pou ou mande fè sa pou ou. Oubyen, si yo ta kite nou sòti se sèlman pou demi èd tan. Si nou pa tounen avan demi èd, yap fe w peye pou sa… . Ou dwe rete  anndan an. Ou pa ka pale ak okenn moun. Si pitit ou  malad ou gen pou rete la, nou pa ka al lakay ale wè l. Mwen menm, mwen  travay nan Portmore, men, mwen  sòti Mobay. Mwen gen yon ti pitit fi ki te malad kite kouche lopital mwen pa t kapab kite travay la kite pou’m te ale chache l. Mwen te oblije fini 2 semèn travay anvan mwen deplase“- Ann

Temwayaj sa yo ke nou rive ranmase sou yon peryòd kat (4) ane, pral lanse ofisyèlman jou mèkredi, kap 24 Novanm 2010 lan, nan otèl tribinal Altamont nan Kingston, Jamayik.

Reprézantan asosyasyon pwostitye nan Jamayik, Ak  kominote moun ki san defans nan Karayib la,  Ministè sante (initeVIH),  Kò nasyonal ki travay kont  trafik  moun ak Fon Nasyonzini  pou popilasyon an (FNUAP)  pral pran pa nan program saa epi pran lapawòl sou kesyon pwostitisyon nan  Jamayik ak kisa pou sante piblik fè nan sans sa.

Liv la touche kèk pwen sou aksyon ki dwe fèt ak plizyè ajans e moun ki ap travay nan domèn nan  pou nou kapab pale sou tout kesyon ke prostitye yo te poze.

 ”Nou espere ke Liv sa pral pouse anpil moun pale sou kesyon saa epi ede fanm san defans  sa yo  leve vwa yo byen wo pou moun konsène yo ka tande yo,” daprè Indi Mclymont-Lafayette  :, direktè rejyonal medya, kominote ak anviwònman nan Panos Karayib. “Nou espere ke tout kesyon sa yo ki pale nan liv saa ap pote yon lavi miyò nan la vi moun kap fè travay sèks nan Jamayik.

23/11/2010 - Fini






  • GAP text

  • Se yon sit entenèt Panòs Karayib pou pataje travay timoun ak jèn yo devlope. Se yon nan fason pou ede yo fè tande vwa ak opinyon yo epi pou defann dwa yo. Sou sit la geyen emisyon radyo, dokimankè tou kout, foto, atik jounal ak yon seri odyo ki pale de dwa timoun, la sante ak sida, anviwonnman eksetera. Sonje ! Atik 13 konvesyon Nasyonzini sou dwatimoun nan di : “Tout timoun gen dwa pou eksprime yo li e libè” !