Se Dawn Marie Roper ki ekri atik saa
Panos karayib, Kingston Jamayik, 14 oktòb 2010 : « Karipanou » ou byen karayib nou se yon nouvo alyans ki fòme pou soutni environman pou pi lontan nan karayib la. Karipanou te kreye yon fason pou ankouraje plis moun nan karayib la angaje yo nan batay pou kab jere resous natirèl nan rejyon an. Alyans saa te lanse nan Montego Bay, Jamayik jou ki te vandredi 8 oktòb la.
Alyans sa gen 3 òganizasyon ladann ki se Institut des Ressources Naturelles des CaraĂŻbes (CANARI) de Trinidad et Tobago; Panos CaraĂŻbes, ki gen syèj sosyal li an ayiti, epi Centre pour la Gestion des Ressources et d’Etudes Environnementales (CERMES) ki chita nan inivèsite End oksidantal ki nan la Barbade. 3 òganizasyon sa yo pataje menm vizyon nan sa ki gen rapò ak jesyon valè e resous natirèl.
Pòt pawòl alyans yo montre kontantman yo fas ak bagay kap vini sou aksyon Karipanou nan rejyon an. Jan Voordouw ki se direktè egzekitif PK panse ke efò 3 òganizasyon sa yo ansanm ka pote anpil bagay nouvo e ankouraje anpil moun nan lide pou mete yon systèm kanpe pou proteksyon anvironman nan tout rejyon karayib la.
« Travay nou chita tou sou sa ki gen rapò ak la mizè nan sosyete a , kouman pou nou jere resous natirèl nou yo ak pwoblèm chanjman nan klima. Karipanou ap panse kouman poul fè plis moun travay nan kesyon ki gen rapò ak anvironman plis ke nan politik ak nan gouvènman. Lè nou mete 3 òganizasyon sa yo ansanm yon jan pou travay la ka fèt pi byen sa ap pèmèt nou jwenn pi bon rezilta ».
Panos karayib se pòt pawòl nan enfòmasyon pou moun ki pi pòv nan rejyon an. Depi 1986, Panos ap travay pou ede moun ki pi pòv yo fè tande vwa yo sou kesyon moun pa bay twòp valè nan sosyete a. Panos travay nan domèn dwa timoun, fanm ak gason, lasante epi anvironman.
Leaonard Nurse, ki se reprezantan CERMES e otè asosye gwoup entèlektyèl ant gouvènman sou kouman klima ap evolye epi chanjman klima nan la nati fè konnen ke Karipanou swete pataje anpil enfòmasyon sou sa ki konsène anvironman nan chak peyi nan karayib la. Karipanou ap pwofite tou pou transmèt bay lòt yo leson ke li aprann nan kad travay li sou tèren an. Zile karayib yo se yo menm ki reprezante pwen ki pi enpòtan nan pozisyon tè a ki te déjà egziste pou karipanou. Nou konsidere tou zile ki depann de lòt ou byen ki pa depann de lòt ki pale ou swa anglè, kreyòl , fransè, neèlandè ou byen espayòl.
Kòm enstitisyon kap fè rechèch sou tèren an, CERMES fasilite yon travay devlòman kap dire pi lontan nan karayib la avèk yon etid serye nan chache, ekri epi aplike pou nouvo pwojè. CERMES travay nan karayib la avèk kèk moun nan gouvènman sitou nan domèn ledikasyon.
Nicole Leotaud, ki se direktè egzekitif CANARI fè konprann bon jan rezon travay Karipanou sou tèren an, li fè konnen ke alyans sa bay plis chans ak pwojè ki kapab dire plis sou tèren an. Karipanou konte bay chans ak manm gouvenman tou nan yon tan ki pi long pou ka gen yon pi bon jesyon ki fèt ak resous natirèl yo nan karayib la.
« mwen wè ke apwòch sa pi byen ranje e pi byen mache. Nou konsakre nou pou nou realize yon bagay kap nan entere tout moun pandan ke nou ap chache pi bon fason pou nou rive ».
CANARI te kreye nan lane 1989 poul te ka fè moun kap viv ansanm yo konprann pi bon manye pou yo jere resous natirèl yo. Pwogram ni yo chita sou sosyete sivil epi gouvènman, forè ak mwayen ki pou fè yo rete viv, gouvènman bò lanmè yo, chanjman klima epi bese nivo ris ak dezas.
CANARI genyen anpil lòt bagay apa pou pèmèt ke gen yon bagay ki reyini tout moun nan sosyete a ansanm. Nou ede yo diskite ansanm pandan ke youn ap koute lòt nan respè youn pou lòt. Nou ankouraje yo pou yo jwenn yon akò sou desizyon ki parèt pi difisil e sou kijan resous natirèl sa yo ta dwe jere nan sosyete a toujou daprè Nicole Leotaud.
Nan tèt kole ak enstiti Panos Karayib epi CERMES, nap kapab an mezi pou nou fè travay la ale pi lwen epi ogmante rezilta ke nou ta renmen genyen yo, se sa Mme Leotaud di.
Karipanou chita tou sou kesyon moun ki pi pòv nan sosyete a, resous natirèl ak kijan pou nou viv ak kesyon klima kap chanje a.
Karipanou te koumanse aktivite li yo nan la Dominik avèk moun kap peche nan rezèv Soufrière Scott’s Head Marine  ki òganize yo pou yo jwen yon antant ant moun kap peche e fason yo dwe jwenn yon bagay pou fè moun sa yo viv. CERMES tire anpil leson nan efò ke pechè yo ap fè nan kesyon gere resous nan lanmè yo. Kounya yo vin jwenn anpil bagay ki pa nòmal nan lwa ak demach sou resous  la mè nan la Dominique. Yo bezwen èd tou pou yo mete sou pye yon nouvo plan sou kouman yo dwe jere resous anba lanmè yo. Karipanou pwomèt ke lap ede yo nan misyon yo ak efò yo, epi moun ki reprezante Karipanou yo te nan la Dominique nan mwa jiyè 2010 la pou te fè aksepte rezilta rechèch la Reserve de la Soufrière Scott’s head Marine nan.
Christopher Corbin, kap travay nan tèt pwogram kap jere sitiyasyon dega anvironman nan PNUE akeyi trè byen alyans Karipanou an. Li fe konnen ke PNUE pa gen okenn pwoblem poul travay ak Karipanou paske li déjà gen yon bon relasyon ak 3 òganizasyon ki fòme Karipanou yo, kounya li konnen Karipanou ak PNUE ka rive travay pi byen ansanm.
Karipanou se yon ti non kreyòl ayisyen ki vle di “karayib nan sans pa nou’’.
Fen 14 oktob 2010Â

Fen 14 oktob 2010