Menu principal

KAPSIL #12: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Bonjou/bonswa tout zanmi oditè, oditris, entènot,  nou kontan avew pou nou prezante w ribrik ‘’Tout sa w dwe konnen sou Covid19 la, alyas "Kowona Viris" …

Pandan twa mwa ki sot pase la yo,  nou te pale anpil sou kowonaviris, kijan moun ka trapel, kijan li manifeste kay moun ki enfekte yo, ak kijan nou ka pwoteje tèt nou kont COVID-19 la. Nou te wè se pa tout moun ki enfekte kap malad, men se selman 20 % ladan yo kap devlope maladi a. Epi gwoup moun ki pi vilnerab pou devlope fòm grav yo se pèsonaj aje yo ak moun ki te déjà gen lòt pwoblèm sante ak maladi kwonik. Nou te pale tou sou antiko sistem defans ko nou ka pwodwi pou detwi kowonaviris la apre kèk semenn.

Lire la suite...

KAPSIL #11: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Bonjou/bonswa tout zanmi oditè, oditris,entènot, nou kontan avew pou nou prezante w ribrik ‘’Tout sa w dwe konnen sou Covid19 la alyas Kowona Viris’’.

Nan jou ki sot pase yo nou te pale anpil sou kisa kowonaviris la ye, kijan moun ka trapel, kijan li manifeste kay moun ki enfekte, ak kijan nou ka pwotje tèt nou kont COVID-19 la.

Jodi a nou pral pale sou sijè vyolans sou fanm ak sou timoun pandan peryòd Epidemi kowonaviris la.

Lire la suite...

KAPSIL #10: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Jodi a nou pral pale sou Vaksen pou Kowonaviris la .

Lè ou enfekte ak kowonaviris la, selil ak sistèm mwayen defans kò ou ki la pou pwoteje ou ka devlop kèk zam pou neutralize epi detwi mikwòb nouvo kowonaviris la: Yo rele zam sa yo Antikò. Chak antikò ki fòme, li spefifik pou yon tip mikwòb espesyal. Lè kò ou devolpe anpil kantite antikò, lap detwi tout kantite viris la nan sanw : Se sa yo rele iminite natirèl la.

Menm jan an tou gen pwodui medikal atifisyèl yo ka baw pou fèw pwodui antikò menm siw pot ko janm enfekte ak kowonavirs la. Anjeneral se travay sa vaksen yo fè.

Lire la suite...

KAPSIL #9: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

 

Bonjou/bonswa tout zanmi oditè, oditris,entènot, nou kontan avew pou nou prezante w ribrik "Tout sa w dwe konnen sou Covid19 la alyas Kowonaviris".

Jodi a nou pral fè yon ti chita pale sou dosye jesyon kadav ak antèman moun ki mouri ak Kowonaviris la.

Lire la suite...

KAPSIL #8: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Jodi a nou pral pale sou kèk mwayen pwoteksyon kò nou ka itilize oubyen devlope ou pwoteje nou kont Kowonaviris la.

Lè ou enfekte ak kowonaviris la, selil ak sistèm mwayen defans kò ou ki la pou pwoteje ou ka devlop kèk zam pou neutralize epi detwi mikwòb nouvo kowonaviris la: Yo rele zam sa yo Antikò. Chak antikò ki fòme, li spefifik pou yon tip mikwòb espesyal. Lè kò ou devolpe anpil kantite antikò, lap diminye epi detwi tout kantite viris la nan sanw : Se sa yo rele iminite natirèl la. Kidonk, lap rive yon lè kote kò ou ap fin elimine tout viris la nèt pou kont li: lè sa, si yo fè tès la yo pap wè kowonaviris la nan sanw.

Lire la suite...

KAPSIL #7: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Jodi a nou pral pale andetay sou ki gwoup moun ki plis vilnerab pou devlope fòm grav, sevè kowonaviris la.

Nou sonje ke kowonaviris la ka manifeste sou 3 fòm : yon fòm asentomatik (san siy ak sentom maladi a), yon fòm lejè ou modere, epi yon twazyèm fòm sevè grav. Nap raple nou ke se sèlman 20 % nan moun ki enfekte yo ki ka devlope fòm sevè COVID-19 la, se nan gwoup sa nou ka gen ka lanmò .

Lire la suite...

KAPSIL #6: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Bonjou/bonswa tout zanmi oditè, oditris,entènot, nou kontan avew pou nou prezante w ribrik ‘’Tout sa w dwe konnen sou Covid19 la alyas Kowona Viris’’.

Nan mwa ki sot pase a nou te pale anpil sou kisa kowonaviris la ye, kijan moun ka trappel, ak kijan li manifeste kay moun ki enfekte. Nou sonje se pa tout moun kap gen viris la nan kò yo kap malad. Epi kagori moun ki plis vilnerab pou devlope fòm grav maladi COVID-19 la se pèsonaj/granmoun aje yo, moun andikape yo, ak   moun ki te gen lòt maladi ak pwoblèm sante déjà.

Jodi a nou pral pale sou move konsekans stigmatizasyon ak diskriminasyon sou yon moun ki kontamine ak jèm mikwòb kowonaviris la.

Lire la suite...

KAPSIL #5: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Jodi a, nou pralpale sou: PouKisayon moun ki gen virus ki bay SIDA a (VIH/SIDA) nan kò li plis vilnerab pou devolope fòm gravmaladi COVID-19 la?

Lire la suite...

KAPSIL #4: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Semèn pase a nou te pale sou siy yak sentom maladi COVID_ 19

Jodia nou pral pale sou kòman pou moun pwotejeyo kont maladi COVID_19 la alyas Kowonaviris. 

Lire la suite...

KAPSIL #3: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Odia nou pral pale sou sentom ak koman mikwòb nouvo Kowonaviris laki bay maladiCOVID-19 la manifeste lakay moun.

Yon moun ki enfekte ak KOWONAVIRIS la ka pran 5 a 7 jouanvanl devlope siy yak sentom maladi COVID-19 la

Ki siy yak sentom maladi COVID-19 la ?

Genyem yon Fòm lejè /modere Covi-19 la ki manifeste sou fòm  : Fyèv, tous, grip/larim, tèt fè mal, gòj fè mal/grate, souf kout,  kò kraze. 

- Gen moun tou ki ka prezante: dyare ( sitou timoun yo),  pèdi gou bouch yo ak odè/sant nan nen yo. 

Genyen yon  fòm grav  Covid-19 la ki manifeste konsa esoufleman/Souf wo, gwo difikilte pou respire/pou pale, doulè nan do/nan poumon ak nan lestomak, kò fè mal. 

Kòman yo fè tès COVID-19 la ? Yo pran tanperati ou epi yo fè yon tès nan sekresyon /krache ki sòti nan nen/gòj ou pou detekte Kowonaviris la. Tès sa rele PCR.

Lire la suite...

KAPSIL #2: "Tout saw dwe konnen sou Covid19 la"

Semenn pase a nou te fè yon entwodiksyon  sou Kowonaviris la an jeneral . Epi nou te pale tou  sou kisa yon enfeksyon ye ak kòman yon moun kap trape yon enfeksyon. Jodia nou pral pale sou kòmam nou kapap trape mikwòb nouvo Kowonaviris la  ki bay maladi  COVID-19 la.

Lire la suite...