Menu principal

Jodi a, nou pralpale sou: PouKisayon moun ki gen virus ki bay SIDA a (VIH/SIDA) nan kò li plis vilnerab pou devolope fòm gravmaladi COVID-19 la?

An Ayiti, gen plis pase 160 mil moun kap viv ak virus ki bay SIDA, moun nou rele   PVVIH yo. Men se  sèlman  103 400 moun PVVIH ki sou medikaman kont VIH_SAIDA, sa nou rele trètman antiretwoviral ou ARV a. Pami tout moun sa yo ki sou trètman ARV yo, se mwens pase 60% ki gen yon chaj viral endetektab. Chaj viral endetektab la vle di :  sistèm mwayen defans moun ki VIH pozitif la vin fò /djanm , epi li ka travay nòmal ak viv lontan menmjan ak tout lòt moun nòmalman nan sosyete a . Yon moun VIH pozitif ka vin gen yon chaj viral endetektab ak  yon sistèm mwayen defans iminitè ki djanm lè li pran mediman ARV li byen regilyèman pandan tou lavi li.

---------------------------------------------------------------------------------------------------------

 Lè yon  moun VIH pozitif epi li pa sou trètman antiretwoviral (ARV), sistèm iminitè moun sa ki la pou defann kò li  kont tout mikwòb vin afebli, defayan. Sa vle di, si yon moun VIH pozitif epi li pa sou medikaman ARV ou byen li pa pran medikaman ARV li yo byen, kò li ap pran plis tan anvan pou li devlope reyaksyon mwayen defans iminitè ak  antikò pou netralize oubyen detwi mikwòb nouvo Kowonviris la, ki ka gentan fè anpil gwo dega lakay li. Se sak fè moun sa yo  ka devlope fòm grav/sevè  maladi COVID-19 la lè yo enfekte , epi yo ka menm mouri pi plis pi rapid. 

Kidonk li enpòtan anpil pou moun ki gen virus ki bay SIDA nan kò yo , pran plis prekosyon pou pwoteje tèt yo kont maladi KOWONAVIRIS la. Epi tou, li enpòtan pou tout moun ki VIH pozitif yo kontinye pran medikaman ARV yo byen nòmalman paske se sèl fason ki pi efikas kap ranfòse sistèm ak mwayen defans iminitè/antikò ou pou pwotje tèt ou kont maladi kowonaviris la. Sa vle di, PVVIH yo pa dwe rate ni sote  okenn jou nan zafè pran medikaman ARV yo pandan peryòd COVID-19 la : nou dwe toujou al renouvle stòk medikaman ARV nou yo   anvan yo fini nan moman sa. Epitou, tout PVVIH ki poko sou medikaman, tout moun ki te abandone oubyen ki tap fè neglijans ak trètman ARV yo,  nap mande epi ankouraje yo pou yo retounen nan sant ak lopital yo pou yo ka vin pran medikaman, rekomanse epi kontinye pran trètman pou VIH-SIDA a. Si nou fè sa , nou pap vilnerab poun  devlope fòm grav Kowonaviris la.

---------------------------------------------------------------------------------------------------------

Ki lòt efè  negatif COVID-19 la genyen sou moun ki VIH pozitif yo ?     

 Premyèman , mezi konfinman ak diminisyon deplasman yo ka dekouraje yon PVVIH al pran medikaman ARV li nan sant sante ak lopital yo. Dezyèmman, mezi fèmen vòl avyon, ayewopò ak fwontyè yo ka okozayone ripti stok medikaman ARV ak ensekirite alimantè nan  peyi a. Twazyèmman, diskriminasyon ki genyen sou COVID-19 la, ka agrave diskriminiasyon ki te déjà egziste  kont moun PVVIH yo :  sa ka  lakoz  anpil   moun ki gen VIH_SIDA ta ka plis ezite/evite  ale chèche swen nan yon sant sante menm si li ta genyen kèk siy ak sentom COVID-19 la. Finalman nan koze COVID-19 la, otorite yo  gen tandans  bliye lòt maladi ak enfeksyon kwonik ki te déjà egziste yo tankou : VIH SIDA, Tibèkiloz,  Malarya..elatriye. Nap mande  otorite yo pou  yo sonje moun kap soufri ak lòt maladi yo tou nan moman  COVID-19 la, espesyalman moun PVVIH yo.

---------------------------------------------------------------------------------------------------------

Pandan nap respekte tout  konsèy  otorite sante piblik yo bay pou pwoteje tèt nou kont Kowonaviris la, nap ankouuraje tout PVVIH pou yo toujou kontinye pran epi vin chèche medikaman ARV yo tout tan : paske  ARV a se la vi nou, se zam nou,  se mèt kò ki veye kò. Epitou pa ezite ale lopital si nou ta wè nou gen ti tous, fyèv, gòj fèmal,  tèt fè mal oubyen souf wo/souf anlè : pi bonè se granm maten. 

Nap mande soyete a pou sipann stigmatize ak meprize moun ki gen VIH-SIDA oubyen Kowinaviris la.

 Sonje : « Lave men nou tanzantan, pa touche je/nen/ ak bouch nou, evite rete nan foul moun, respekte 2 pa/2 mèt distans fizik la ak tout moun, pote mas/kachnen nou.  Epi toujou pran medikaman ARV nou yo.»