Menu principal

Jodi a nou pral pale sou kèk mwayen pwoteksyon kò nou ka itilize oubyen devlope ou pwoteje nou kont Kowonaviris la.

Lè ou enfekte ak kowonaviris la, selil ak sistèm mwayen defans kò ou ki la pou pwoteje ou ka devlop kèk zam pou neutralize epi detwi mikwòb nouvo kowonaviris la: Yo rele zam sa yo Antikò. Chak antikò ki fòme, li spefifik pou yon tip mikwòb espesyal. Lè kò ou devolpe anpil kantite antikò, lap diminye epi detwi tout kantite viris la nan sanw : Se sa yo rele iminite natirèl la. Kidonk, lap rive yon lè kote kò ou ap fin elimine tout viris la nèt pou kont li: lè sa, si yo fè tès la yo pap wè kowonaviris la nan sanw.

Konbyen tan kò nou pran pou devlope yonAntikòkont kowonaviris la?

Majorite moun ki enfekte yo ap devlope antikò kont nouvo kowonaviris la apati 10èm jou apre kontaminasyon an . Men gwo syantifik yo obsève gen kèk moun kap devlope antikò apati 6èm jou apre. konsa tou gen moun ki ka pran plis pase 15 jou pou fòme antikò yo, sitou granmoun aje yo ak moun ki te deja genyen lòt maladi kwonik yo.

Ki enpòtans mezire prezans antikò spesifik kont kowonaviris la genyen nan kad jesyon epidemi kowonaviris la ?

Mezire antikò spesifik yo ap pèmèt otorite yo konnen kiyès moun ki te atratpe nouvo kowonaviris la. Sa ka pèmèt nou konnen tou ki moun ki ka egzeyate oubyen reprann travay depandamman si yo wè li gen anpil kantite antikò prezan/aktif nan san li. Nap fèw sonje ke tès antikò spesifik kont nouvo kowonaviris yo fè nou konnen kiyès moun ki te kontamine ak nouvo kowonaviris la, kit li te malad kit li pat malad ditou. Anpil peyi nan mond lan itilize tès antikò yo pou evalye evolisyon kowonaviris la.

Kisa reyaksyon antikò kwaze vle di ?

Yo pale de reyaksyon antikò kwaze, se lè yon moun te déjà gen yon antikò spesifik pou yon mikwòb nan san li, epi antikò sa reyaji tou pou netralize/detwi yon lòt nouvo mikwòb diferan.

Aprè konbyen tan yon moun ka deklare geri ?

Yo deklare yon moun geri, se lè yo fès 2 tès separe kote yo pa jwenn okenn tras viris la nan san moun nan ankò. Sa vle di, antikò yo ta fin detwi epi touye tout viris yo nan san ou. Pifò moun ap geri ant 15 a 24 jou apre yo te kontamine oubyen apre yo te fin egzeyate. Men yo konstate tou, genyen moun ki ka toujou genyen viris la nan san yo menm apre 40 jou.

Konbyen tan anitkò yo rete vivan byen aktif nan kòw pou konbat kowonaviris la?

Anjeneral, lè kò yon moun develope antikò spesifik pou pwoteje li kont yon maladi oubyen yon mikwòb spesifik, antikò yo konn rete vivan aktif pandan lontan, plizyè mwa/ lane e pafwa menm pou lavi. Sa vle di, ou pa ta sipoze ka reprann menm maladi ankò pou yon lòt fwa pandan yon peryòd tan. Paske menmsi ou ta rekontamine ankò ak viris la, antikò spesifik ki te déjà fòme/prezan nan kòw yo ap netralize epi detwi viris la tousuit. Nan ka COVID-19 la, lasyans poko fin konnen egzakteman vrèman pandan konbyen tan antikò spesifik pou nouvo kowonaviris yo rete vivan byen aktif nan kò nou. Menmsi pifò syantifik panse ke yon moun pa ka trape nouvo kowonaviris la 2 fwa, men nou konstate ke gen kèk moun nan nan kèk peyi ki konn repran kowonaviris la pou yon dezyèm fwa nan dènye moman sa yo.

Kidonk mezanmi, nou wè gen kèk moun ki ka re-atrape maladi nouvo kowonaviris la pou yon dezyèm fwa. Sa vle di, fòk ou toujou suiv mezi prekosyon ak mezi pwoteksyon jeneral kont kowonavirs la , menmsi w te genyen l déjà.

Nou pap pran kowona, nou pap bay Kowona, nap pwoteje tèt nou ak gwoup vilnerab yo , epi nou pap stigmatiz ni meprize moun ki ta gen kowona.

Jodi a nou pral pale sou kèk mwayen pwoteksyon kò nou ka itilize oubyen devlope ou pwoteje nou kont Kowonavirs la.

Lè ou enfekte ak kowonaviris la, selil ak sistèm mwayen defans kò ou ki la pou pwoteje ou ka devlop kèk zam pou neutralize epi detwi mikwòb nouvo kowonaviris la: Yo rele zam sa yo Antikò. Chak antikò ki fòme, li spefifik pou yon tip mikwòb espesyal. Lè kò ou devolpe anpil kantite antikò, lap diminye epi detwi tout kantite viris la nan sanw : Se sa yo rele iminite natirèl la. Kidonk, lap rive yon lè kote kò ou ap fin elimine tout viris la nèt pou kont li: lè sa, si yo fè tès la yo pap wè kowonaviris la nan sanw.

Konbyen tan kò nou pran pou devlope yonAntikòkont kowonavirs la?