Menu principal

Bonjou/bonswa tout zanmi oditè, oditris, entènot,  nou kontan avew pou nou prezante w ribrik ‘’Tout sa w dwe konnen sou Covid19 la, alyas "Kowona Viris" …

Pandan twa mwa ki sot pase la yo,  nou te pale anpil sou kowonaviris, kijan moun ka trapel, kijan li manifeste kay moun ki enfekte yo, ak kijan nou ka pwoteje tèt nou kont COVID-19 la. Nou te wè se pa tout moun ki enfekte kap malad, men se selman 20 % ladan yo kap devlope maladi a. Epi gwoup moun ki pi vilnerab pou devlope fòm grav yo se pèsonaj aje yo ak moun ki te déjà gen lòt pwoblèm sante ak maladi kwonik. Nou te pale tou sou antiko sistem defans ko nou ka pwodwi pou detwi kowonaviris la apre kèk semenn.

Nou te eksplike tou kòman pou nou prepare kadav yo ak koman pou òganize antèman ki pa dwe gen plis pase 10 moun pandan peryòd pandemi Kovid19 la.

Sa fè plis pase 6 mwa depi  kowonaviris la ap ravaje mond lan. Nan peyi d'Ayiti  nap raple li te komanse pwopaje nan dat 19 mas 2020 an. Selon bilan Ministe sante piblik, plis pase 7000 moun gentan enfekte sa pa anpeche anpil lot moun fè neglijans, sitou depi jou otorite leta yo deside relouvri anpil aktivite nan peyi a.

Menm jan ak anpil lot kote, otorite ayisyenn yo relouvri ayewopo. Yo planifye relouvri lekòl nan mwa out la pou boukle ane akademik 2019-2020 an. Legliz yo bo kote pa yo reprann aktivite yo depi 12 jiye 2020.  

Sonje, menm si yap relouvri peyi a, kowonaviris la toujou la, fòk nou kontinye repespekte prensip ijyen yo ak mezi pwoteksyon yo  pou nou pa trape viris la. Sa poun konprann, ayewopo yo ki rekomanse resevwa anpil moun ki soti nan peyi etranje tankou etazini, kote pandemi a ap fe gwo ravaj denye jou sa yo, sa ogmante risk pou plis moun enfekte nan peyi a.

Pandan nap pale la, poko gen okenn vaksen kont kowonaviris, dokte enfimye ak lot espesyalis nan lopital yo ap batay chak jou pou sove lavi malad yo, anpil moun ki te déjà soufri ak lot maladi kronik kontinye ap mouri.

Menm si nou pata tande pale twop de kowona  nan peyi a anko, toujou respekte mezi sa yo: lave men nou tanzantan ak dlo ak savon, oubyen ak likid jèl spesyal ki fèt pou sa, pa kanpe  ni chita pre lòt moun, pa bay epi pa pran lanmen nan men moun,  pa bo ni anbrase moun, toujou mete mas osinon kachnen lè nap soti deyò, lè nou pral lekol, nan mache oubyen lè nou pral legliz, nan peristil.

Sonje fòk mask la kouvri tout babin  bouch nou ak do nen nou. Lave men nou anvan nou metel ak aprè nou fin retirel. Si se yon mask antwal, byen lavel li lè nou fin sèvi avèk li.

Toujou evite al nan pwogram ki gen foul moun tankou: gagè, match foubòl, festival kiltirèl/ bal,  tisourit, bann rara, elatriye.

Nap ankouraje tout moun ki te déjà gen lot maladi kwonik tankou tansyon, VIH/SIDA, maladi sik/diabet pou yo toujou kontinye pran medikaman yo byen, pou yo gen plis pwoteksyon kont Kownaviris la.

«Nou pap pran kowonaviris, nou pap bay kowona paske nap pran tout prekosyon. Epi nou pap stigmatize moun ki ta enfekte. Nap pwoteje timoun yo, granmoun yo, moun andikape yo ak lòt gwoup  moun ki frajil yo kont Kowonaviris la ».